Obsolete Souls™ 0: Operasyon Ayiti

Project Overview

Sa a se yon jwèt aksyon 2D kote jwè a ka sèvi ak nenpot divès kalite mekanik konba pou batay lènmi AI. Objektif jwè a se jenere yon nòt segondè / pase nan chenn ansanm atak yo fè diferan konbo.

  • Kòm yon ekip ayisyen Ameriken dev, nou vle pote plis enfliyans ayisyen nan espas jwèt la ak lokal ayisyen gamifye, pèsonaj ayisyen, mizik enspire Kompa, tradiksyon kreyòl ayisyen, ak vwa kreyòl ayisyen. An tandem, nou vle pataje enfliyans Ameriken nou an ak Ayiti tou! Orijinal Obsolete Souls RPG a te enspire anpil pa tèm hip-hop Ameriken, ak anpil talan ap retounen pou pwojè prequel sa a.

  • Pou kreye yon jwèt videyo ki reprezante ewo ak protagonist ayisyen yo. Dennel Cake te toujou pouse pou plis divèsite nan jwèt videyo, epi nou pral kontinye pouse pou li isit la tou. Obsolete Souls™ Epizod 0: Operasyon Ayiti se yon pati nan tradisyon Obsolete Souls™, e konsa nou pral enkòpore tèm fantezi menm jan an tou!

  • Pou pote plis atansyon sou Ayiti. Espwa nou se jenere yon enterè nan Ayiti ak kilti ayisyen ak chak jwè.

ERTHA [WÒL SA PEYE]
Voice Actor Voice Actor
ERTHA [WÒL SA PEYE]
open
Deferred: Agreed Amount

Rezime pèsonaj la:

Ertha se rèn nan wayòm li epi li te oblije dirije wayòm Treblem pou kont li apre lanmò wa a. Pèp li adorel pou kapasite li genyen pou jere konfizyon, E pou kapasite li genyen tou pou lakoz konfizyon lè sa nesesè. Ertha se yon lidè natirèl ki pran responsablite pou aksyon moun ki bò kote li yo epi li gen pouvwa pou pwoteje moun li renmen yo.
Li mete pitit fi li (prenses Fabienne) pi wo pase tout moun epi li fè efò pou li tounen yon modèl fò pou fiti rèn nan. Li pridan, men li fèm. Li gen anpil konfyans nan kapasite li, e konfyans sa a bay moun ki bò kote li moral. Kòlèg li yo ka konte sou li nan nenpòt sitiyasyon kote li pare pou ede yo. Li saj epi li ka bay anpil konsèy a moun ki vle aprann de li.
Ertha te sibi anpil domaj nan "Obsolete Souls™ 0" tou, e ou dwe "santi" ton vanjans li a. Ertha gen anpil kòlè nan istwa sa a, men li konprann tou wòl li dwe jwe. Seryozite Ertha a pa vle di li meprize osinon li endiferan ak moun ki bò kote li, men se yon apèl pou yo konsantre sou sa kap pase yo.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female adult
  • (Konfyans, Serye) - "Hmph. Si sa se tout sa ou ka rasanble, prefere ou bay vag pandan ou toujou devan."

  • (Kal, Sensè) - "Kijan’m tap ka... Kijan’m tap ka kite sa rive?!"

  • (Fache) - "Ou genlè fou. Mwen pap janm sispann goumen... Jamè!"

JUSTICE [WÒL SA PEYE]
Voice Actor Voice Actor
JUSTICE [WÒL SA PEYE]
open
Deferred: Agreed Amount

Rezime pèsonaj la:

Justice se yon jenn pèsonaj ki te chwazi pa Ertha pou ede l nan vwayaj li pandan Operasyon Ayiti. Justice sanble gen yon talan natirèl pou pifò bagay, sa ki soti nan nati kreyatif li. Li konbat ak dife nan yon fason ke kòlèg li yo pa janm wè, e li se yon avantaj nan batay pou nenpòt moun. Adaptabilite li ak konsantrasyon li nan sitiyasyon kritik ranfòse repitasyon li kòm yon alye ke yo ka fè konfyans.
Li antre nan chak batay ak konfyans e li konprann ke menm si li pa sèten de kapasite advèsè li yo, li gen pwòp fòs li sou ki li ka konte. Batay li yo pa opsyonèl, kidonk nan pifò ka sèl opsyon li se fè sa’l kapab. Li renmen fè blag ak fè kòmantè pou kreye yon prezans kal pa sèlman pou tèt li, men tou pou kanmarad li yo. Sa bese tansyon an e kite plas pou konsantrasyon, sa ki fristre lènmi an, an menm tan kraze konsantrasyon yo. Se yon metòd pou anpeche li menm ak lòt moun panse twòp nan sitiyasyon kote yo dwe aji olye de reflechi; anvan reflechi vin panik, epi panik la vin defèt.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • male young adult
  • (Fristre, Enèji Ba) - "Aah... Ou serye? Banm lapè’m."

  • (Anpil Enèji, Eksite) - "Kenbe aterisaj la, e... aksyon!"

  • (Fache, Serye) - "Banm sispann jwe! Fòk Nou pase, DEMASKE W!"

TITANIA [WÒL SA PEYE]
Voice Actor Voice Actor
TITANIA [WÒL SA PEYE]
open
Deferred: Agreed Amount

Rezime pèsonaj la:

Titania se yon jèn fi ki gen yon gwo sans lòd, Ertha te chwazi l pou ede l nan "Operasyon Ayiti". Li pa gen okenn talan patikilye, li travay san pran souf pou l konkoure ak pi bon yo. Malgre ke li ka manke fòs fizik, li konpanse ak yon vitès enkwayab! Se nan metriz Gamia Nwa a (yon enèji ki soti nan planèt la) ke li vrèman eksele. Sepandan, aprè konesans li ak kapasite li pou l egzèse yon pouvwa ki pa konvansyonèl, se devouman fèras li anvè konpayon li yo ki fè l yon alye eksepsyonèl.
Pi gwo obstak Titania se konfyans nan tèt li. Li toujou ap pouse tèt li pou travay pi di, sa ki vinn fè lap doute de tèt li. Li plis gen tandans swiv yon lòt moun olye pou li pran responsabilite paske li pè fè erè. Men! Lè Titania pa fokis sou enkapasite’l, li se yon konbatan enkwayab. Li serye nan pifò sitiyasyon, men li son blagè tou ak zanmi li yo.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female young adult
  • (Anpil Enèji, Eksite) - "Oke! Totalman pare! M ap montre w sa m ka fè!"

  • (Tris) - "Non... Nou oblije... Mwen... Mwen regrèt mesye."

  • (Fache, Serye) - "Pou majeste li. Pou altes li! M'ap kraze ou!"

KING KHARD [WÒL SA PEYE]
Voice Actor Voice Actor
KING KHARD [WÒL SA PEYE]
open
Deferred: Agreed Amount

Rezime pèsonaj la:

Wa Khard se yon nonm ki fè moun santi prezans li depil antre yon kote. Li poze epi li mande respè san pale anpil. Malgre anpil moun apresye li, gon ti majorite nan wayòm nan ki pa renmen wa a akoz volonte li pou fè "sakrifis" pou sa li kwè ki bon pou tout moun. Wa Khard pa renmen fè konpwomi, e li pa janm doute tèt li.
Tèt li di anpil e li aji rapid. Anpil moun dekri li tankou yon figi ki entimidan, men moun ki konnen li byen wè li tankou yon moun ki gen pasyon. Wa Khard konvenki ke gon pwofesi pou detwi mond lan ap byento rive e li pral detwi ras imen an. Li ap eseye jwenn yon fason pou anpeche destriksyon wayòm li a ak pèp li a.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • male adult
  • (Fristré) - "N ap pare pou li lè li rive. Ou konnen sa pou fè, kidonk ann travay!"

  • (Kal, Enkyete) - "Ou pa bezwen plis pouvwa pou bat yo. Kwè nan sa w pratike epi kite yo defè tèt yo."

  • (Fè kolè, serye) - "Prezans ou sèlman ase pou montre m ou pa konprann! Aranjew!"

DIG FURN [WÒL VOLONTÈ]
Voice Actor Voice Actor
DIG FURN [WÒL VOLONTÈ]
open
Deferred: Agreed Amount

Nou ta renmen klarifye ke avèk plis finansman pou pwojè a, gen yon posibilite ke wòl volontè yo ka vin kalifye pou yo jwenn konpansasyon pou kandida nou chwazi yo.

Rezime pèsonaj la:
Yon adolesan ki pèdi kap eseye jwenn chemen li ak anpil detèminasyon. Pouvwa Dig Furn lan son bagay moun poko janm wè (domaj pou moun ki te teste enèji Gamik li a). Vwayaj li te vrèman difisil. Yo souvan griyen dan sou li epi ridikilize l akoz 'cheve etranj' li yo ak je li ki pa menm koulè. Moun pa renmen stil li, e yo plis pa renmen pèsonalite l.
Li pa konn kijan ni ki kote li ka santil  alèz. Misye pa sonje depi kilè l pa poukont li, men yon fason ou yon lòt li gon koneksyon etranj ak Fabienne... Men, li rayi manman Fabienne, Ertha. Dig Furn souvan angaje nan move aksyon, e yo konen’l paske’l danjere, enprevizib ak vyolan.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • male young adult
  • (Konfyan, nan yon fason menasan) - "M jis te bezwen gade’w yon ti moman pou’m konn… a ki pwen m dwe frapew pou’m fèw fèmen bouch ou pou bon."

  • (Ton desandan, Fache) - "Avèk yon non konsa, mwen parye ou santiw vrèman enpòtan… men pou mwen… ou jis yon lòt chen pouri ankò!"

  • (Eksite, Fawouchè) - "Rah ! Ha, ha, ha, ha ! Repozew an mòso, majesté mwen!"

FABIENNE [WÒL VOLONTÈ]
Voice Actor Voice Actor
FABIENNE [WÒL VOLONTÈ]
open
Deferred: Agreed Amount

Nou ta renmen klarifye ke avèk plis finansman pou pwojè a, gen yon posibilite ke wòl volontè yo ka vin kalifye pou yo jwenn konpansasyon pou kandida nou chwazi yo.

Rezime pèsonaj la:
Fabienne se pitit fi 10 an Ertha e eritaj twòn Treblem nan. Fabienne se kè wayòm nan e pifò moun adore li. Pouvwa gamik li ekstraòdinè, men pi fò ladan l kontwole pa yon sèl gamik ki sou machwè li. 
Chak fwa rèn Ertha okipe, Justice ak Titania pran swen Fabienne, avèk yo li renmen jwe lago. Fabienne pale anpil, toujou kontan, e li renmen manman l anpil. Papa l, dènye wa Treblem la, te mouri lè li te gen 8 an.
Sepandan, li toujou kenbe yon atitid pozitif epi li toujou jwenn fason pou li souri pandan jounen an. Enèji pozitif li a enfektye pou moun ki bò kote li yo.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female child
  • (Enèjetik, Kontan) - "Kenbem siw kapab! Mwen konnen w pa kapab, men ann fè tankou w kapab kanmenm!"

  • (Siprann, Fache) - "Eh! Wap fèm fache! Mwen se prensès la, kidonk ou dwe koute m tou, ou konn sa!"

  • (Tris, Dekouraje) - "Oh... ebyen, si se sa manman te di, m pansel ok."

GENESIS [WÒL VOLONTÈ]
Voice Actor Voice Actor
GENESIS [WÒL VOLONTÈ]
open
Deferred: Agreed Amount

Nou ta renmen klarifye ke avèk plis finansman pou pwojè a, gen yon posibilite ke wòl volontè yo ka vin kalifye pou yo jwenn konpansasyon pou kandida nou chwazi yo.

Rezime pèsonaj la:
Youn nan pi bon ekspè konbatan wa Khard. Genesis se chèf fòs espesyal wa Khard, e se moun li pi fè konfyans pou devlope estrateji pou vizyon li an. Ak fyète, lwayote e lidèchip, Genesis pare pou riske lavi li pou wayòm nan ak pèp li a.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female young adult
  • (Konfyans, Serye) - "Nou pa bezwen ret isit la. An’n Retounen nan sitadèl la pou’n tann nouvo enstriksyon."

  • (Kal, Sensè) - "Kenbe fèm tout moun! Ansanm, nou pi fò. Kounya, ann fini sa."

  • (Fache) - "Swiv mwen! Nou pran yo egzakteman kote’n vle a!"

GALE [WÒL VOLONTÈ]
Voice Actor Voice Actor
GALE [WÒL VOLONTÈ]
open
Deferred: Agreed Amount

Nou ta renmen klarifye ke avèk plis finansman pou pwojè a, gen yon posibilite ke wòl volontè yo ka vin kalifye pou yo jwenn konpansasyon pou kandida nou chwazi yo.

Rezime pèsonaj la:

Gale kalm epi’l  brav. Wa Khard ka toujou konte sou li pou egzekite nenpòt lòd pafètman. Li pa renmen dirije, men li toujou ap fè efò pou’l ekselan nan nenpòt wòl yo ba li, nan tout kapasite li. Avèk yon talan ekstraòdinè pou kontwole enèji gamik, Gale chita nan tèt efikasite fòs konba Wa Khard yo.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female young adult
  • (Konfyans, Serye) - "Mwen vle lanse w yon defi. Mwen vle ou konnen... kiyès mwen ye."

  • (Trankil, Sensè) - "N’ap goumen pou wa a, kidonk m’ap goumen pou ou. M pa konn sa sa vle di pou m goumen pou tèt mwen... ni sa pa vrèman enpòtan pou mwen."

  • (Fache) - "M apèn kòmanse... Ou pap ka manyen m!"

GENEVA [WÒL VOLONTÈ]
Voice Actor Voice Actor
GENEVA [WÒL VOLONTÈ]
open
Deferred: Agreed Amount

Nou ta renmen klarifye ke avèk plis finansman pou pwojè a, gen yon posibilite ke wòl volontè yo ka vin kalifye pou yo jwenn konpansasyon pou kandida nou chwazi yo.

Rezime pèsonaj la:
Geneva gen yon konpòtman rilaks lè bagay yo mache jan li te planifye. Kamarad li yo ka konte sou talan ekstraòdinè li yo pou fè nenpòt travay posib ak yon fasilite relatif... eksepte lè’l pa gen kontwòl bagay yo, epi Geneva kòmanse pèdi tèt li. Li gen tandans kite emosyon li pran pye sou li lè’l nan batay. Men, li se yon avantaj ki ekstrèmeman danjere pou fòs Wa lè’l nan bon san li. Gen kèk moun ki di li se manm ki pi mòtèl nan ekip li a.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female adult
  • (Konfyan, menasan) - "Nou pi rapid, pi fò, pi entelijan, e pi siperyè pase moun tankou w! Kisa’w panse k tap pase jodi a?"

  • (Kontan, fawouchè) - "Hmph. Ha ha ha ha ! Pa sezi non. Pèsonn pa viv pou lontan."

  • (Choke, fache) - "Talè. M panse’w tap retounen! Sa w ap fè la?!"

SILAS [WÒL VOLONTÈ]
Voice Actor Voice Actor
SILAS [WÒL VOLONTÈ]
open
Deferred: Agreed Amount

Nou ta renmen klarifye ke avèk plis finansman pou pwojè a, gen yon posibilite ke wòl volontè yo ka vin kalifye pou yo jwenn konpansasyon pou kandida nou chwazi yo.

Rezime pèsonaj la:
Yon syantis ki dedye tèt li nan avansman biyolojik ak rechèch gamik (enèji). Li totalman angaje nan travay li (menmsi travay la ka mennen a yon dezas) toutotan li wè efò a kòm yon pwogrè enpòtan. Pi gwo perèz  li se ke youn nan anpil erè li yo ka ante li. Sepandan, kiryozite li toujou pousel pou’l fè plis eksperyans toujou. Silas se yon moun ki fasil pou pale avè’l. Li vrèman sosyal, sa ki fè lòt moun fè li konfyans fasil. Li rete kalm menm lè gen presyon e li natirèlman bon nan rezoud pwoblèm.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • male young adult
  • (Detèmine, Serye) - "Mwen panse nou gen ase prekosyon an plas pou nou eseye. Pi vye bagay (le pire) ki ka rive, se si nou pa eseye ditou!"

  • (Trankil) - "Gen anpil mistè nan mond sa a k ap tann nou. Kapasite nou pou nou jere enèji se yon kado bondye yo bay."

  • (Sezi, Fache) - "Merde! Non... Non! Sa a... sa a vrèman pa bon!"

Comments

Public Submissions