Obsolete Souls™ 0: Operasyon Ayiti

Gleneda for ERTHA [WÒL SA PEYE]

ERTHA [WÒL SA PEYE]
Voice Actor Voice Actor

ERTHA [WÒL SA PEYE]

open
Deferred: Agreed Amount

Rezime pèsonaj la:

Ertha se rèn nan wayòm li epi li te oblije dirije wayòm Treblem pou kont li apre lanmò wa a. Pèp li adorel pou kapasite li genyen pou jere konfizyon, E pou kapasite li genyen tou pou lakoz konfizyon lè sa nesesè. Ertha se yon lidè natirèl ki pran responsablite pou aksyon moun ki bò kote li yo epi li gen pouvwa pou pwoteje moun li renmen yo.
Li mete pitit fi li (prenses Fabienne) pi wo pase tout moun epi li fè efò pou li tounen yon modèl fò pou fiti rèn nan. Li pridan, men li fèm. Li gen anpil konfyans nan kapasite li, e konfyans sa a bay moun ki bò kote li moral. Kòlèg li yo ka konte sou li nan nenpòt sitiyasyon kote li pare pou ede yo. Li saj epi li ka bay anpil konsèy a moun ki vle aprann de li.
Ertha te sibi anpil domaj nan "Obsolete Souls™ 0" tou, e ou dwe "santi" ton vanjans li a. Ertha gen anpil kòlè nan istwa sa a, men li konprann tou wòl li dwe jwe. Seryozite Ertha a pa vle di li meprize osinon li endiferan ak moun ki bò kote li, men se yon apèl pou yo konsantre sou sa kap pase yo.

Language:
  • haitiancreole
Voice description:
  • female adult
The sides they read from:
  • (Konfyans, Serye) - "Hmph. Si sa se tout sa ou ka rasanble, prefere ou bay vag pandan ou toujou devan."

  • (Kal, Sensè) - "Kijan’m tap ka... Kijan’m tap ka kite sa rive?!"

  • (Fache) - "Ou genlè fou. Mwen pap janm sispann goumen... Jamè!"